Lingua   

Manvi chante péyi-m

Atis Indepandan




Si-m louvri bouch mouin. sé pa
ka pou diòlè mouin fè-l
Si-m louvri bouch mouin, manvi chante péyi-m

Pou-m ralé li lan dòmi
fè-l oué plé-l ki plin java
ak tèt li ki plin lota
ak dèyè-l plin kourandé

lan pèyi-m la li-n grizon
solèy-la gin mal mouton o
sou do youn pil kay krazé
sou tèt youn ban-n maléré

Si-m louvri bouch mouin. sé pa
ka pou diòlè mouin fè-l
Si-m louvri bouch mouin, manvi chante péyi-m

Tout pié boua ta ka gin flè
kap donnin sou tout chimin
kap tonbé kunkou la pli
Si péyi-m pat lan dòmi

Tout pié boua ta ka gin flè
kap donnin sou tout chimin
kap tonbé kunkou la pli
jou péyi-m pat lan dòmi

Si-m louvri bouch mouin. sé pa
ka pou diòlè mouin fè-l
Si-m louvri bouch mouin, manvi chante péyi-m

Mouin di youn jou ma louvri bouch mouin
Sè yo ka fè diolè lè sa-a…



Pagina principale CCG

Segnalate eventuali errori nei testi o nei commenti a antiwarsongs@gmail.com




hosted by inventati.org